John 12:42
Malgre sa, menm pami chèf jwif yo, anpil moun te kwè nan Jezi. Men, akòz farizyen yo, yo pa t' kite moun wè sa pou yo pa t' mete yo deyò nan sinagòg la.
Bib La
In The King James Version
In Context
41Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
43Yo te pito lwanj ki soti nan men lèzòm pase lwanj ki soti nan men Bondye.
Cross References
Isaiah 51:7Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.
Isaiah 66:5Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.
Matthew 26:69Pyè menm te chita deyò nan lakou a. Yon sèvant pwoche bò kote l', li di li konsa: Ou menm tou, ou te avèk Jezi, nonm Galile a.
Luke 12:8M'ap di nou sa: Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, m'a fè menm bagay la pou li devan zanj Bondye yo.
John 7:13Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo.
John 9:22Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la.