Jan 9:22
Papa a ak manman an te pale konsa paske yo te pè jwif yo. Paske, jwif yo te tonbe dakò sou pwen sa a: Tout moun ki ta di Jezi se Kris la, yo t'ap mete yo deyò nan sinagòg la.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Se poutèt sa papa l' ak manman l' te di: li ase gran, li ka reponn li menm. Nou mèt mande li.
Cross References
Psalms 27:1Se yon sòm David. Seyè a se limyè mwen, se li ki delivrans mwen. Ki moun ki ka fè m' pè? Se Seyè a k'ap pwoteje mwen. Ki moun ki ka fè m' tranble?
Isaiah 51:7Nou menm ki konnen sa ki dwat, koute sa m'ap di nou. Nou menm ki kenbe lòd mwen yo nan kè nou, nou pa bezwen pè lè moun ap trennen nou nan labou, nou pa bezwen tranble lè moun ap joure nou.
Isaiah 57:11Seyè a di: Kilès bondye sa yo ki t'ap ban nou kè sote, ki t'ap fè nou pè konsa, kifè ou bay tout manti sa yo? Kilès sa a ki fè nou bliye m' konsa? Nou pa chonje reve m'. Eske se paske mwen rete mwen pa di anyen kifè nou sispann gen krentif pou mwen?
Luke 12:4Nou menm ki zanmi m', m'ap di nou sa. Nou pa bezwen pè moun ki touye kò men ki pa kapab fè anyen plis pase sa.
John 7:13Men, pesonn pa t' nonmen non l' fò pou lòt moun pa t' tande, sitèlman yo te pè jwif yo.
John 9:34Yo reponn li: Se nan peche ou fèt, epi ou konprann pou ou vin ban nou leson koulye a? Epi yo mete l' deyò nan sinagòg la.