Jan 8:7
Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò.
Cross References
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Proverbs 26:4Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.
Matthew 7:1Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,
John 7:46Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.
Romans 2:21Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou?
Colossians 4:6Lè n'ap pale, di bagay ki pou fè yo kontan, ki pou enterese yo. Konn ki jan pou nou reponn chak moun.