Romans 2:21
Enben, ou menm k'ap bay lòt yo leson, poukisa ou pa bay tèt ou leson tou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Isaiah 56:11Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.
Ezekiel 22:27Zotobre yo menm nan lavil la, yo tankou chen mawon k'ap dechèpiye bèt yo touye. Y'ap touye moun pou yo vòlò byen yo.
Micah 3:11Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!
Matthew 23:3Se pou nou koute yo, se pou nou fè tou sa yo di nou fè. Men, pa fè tankou yo. Paske yo menm, yo pa fè sa yo di nou fè.
Luke 11:46Epi Jezi reponn li: Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwèt nou.