Jonah 1:3
Men lè sa a, Jonas leve, li pati nan direksyon Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a. Li desann lavil Jope. Rive la, li jwenn yon batiman ki t'ap pare pou pati pou Tasis. Li peye pasaj li. Li moute abò batiman an avèk marin yo. Li pati pou Tasis, paske li t'ap kouri pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Men, Seyè a voye yon gwo van sou lanmè a. Yon sèl gwo van tanpèt leve, batiman an te prèt pou koule.
Cross References
Genesis 3:8Jou sa a, solèy te fèk fin kouche lè nonm lan ak madanm li tande vwa Seyè a, Bondye a, ki t'ap pwonmennen nan jaden an. Y' al kache nan mitan pyebwa ki nan jaden an pou Seyè a, Bondye a, pa wè yo.
Exodus 4:13Moyiz di: -Eskize m' wi, Seyè! Men, poukisa ou pa voye yon lòt moun pito?
1 Kings 19:3Eli vin pè. Li kouri met deyò pou l' sove lavi li. Li pran domestik li avè l', l' ale lavil Bècheba nan peyi Jida. Li kite domestik li a la.
2 Chronicles 2:15Koulye a, ou mèt voye ban nou ble, lòj, diven ak lwil oliv ou te di w'ap voye yo.
2 Chronicles 9:21Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak.
Job 2:7Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.