Jonah 1:6
Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 4:16-Ou mèt ale. Reyini dènye jwif ki nan lavil Souz; fè yo fè jèn pou mwen. N'a pase twa jou twa nwit san manje san bwè. Mwen menm bò pa m' ansanm ak sèvant mwen yo, nou pral fè jèn tou. Apre sa, m' aval kote wa a, atout lalwa defann sa. Si se pou m' mouri, m'a mouri.
Psalms 107:6Anba tout tray sa yo, yo rele nan pye Seyè a. Li wete yo nan lafliksyon sa a.
Psalms 107:18Yo pa t' menm anvi manje, yo te prèt pou mouri.
Isaiah 3:15Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Ezekiel 18:2-Poukisa y'ap plede repete pwovèb sa a nan peyi Izrayèl la? Y'ap di: Papa ak manman manje rezen vèt, men se dan pitit yo ki gasi.
Amos 5:15Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.