Jonah 4:6
Lè sa a, Seyè a, Bondye a, fè yon ti pye masketi pouse. Li fè l' rive yon ti wotè pi wo pase Jonas pou mete yon ti lonbraj sou tèt li, pou li ka santi l' pi alèz. Jonas te kontan anpil lè li wè pye masketi a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Esther 5:9Jou sa a, lè Aman soti nan fèt la, li te kontan, li t'ap ri ak tout moun. Men, lè li rive bò pòtay palè a, li wè Madoche pa menm fè yon rimay leve lè l'ap pase. Li move anpil sou Madoche,
Psalms 103:10Li pa aji ak nou jan nou ta merite l' la, li pa pini nou jan l' ta dwe pini nou.
Isaiah 39:2Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a.
Jonah 1:17Seyè a fè yon gwo pwason vin vale Jonas. Jonas te pase twa jou twa nwit nan vant pwason an.
1 Corinthians 7:30Se pou moun k'ap kriye yo viv tankou moun ki pa gen lapenn. Moun ki gen kè kontan yo, se pou yo viv tankou moun ki pa gen kè kontan. Se pou moun k'ap achte yo viv tankou si sa yo achte a pa t' pou yo.