Nehemiah 9:23
Ou ba yo anpil pitit, menm kantite ak zetwal nan syèl la. Ou mennen yo nan peyi ou te pwomèt zansèt yo ou t'ap fè yo pran pou yo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 12:7Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.
Genesis 15:5Seyè a fè Abram soti deyò, li di l' konsa Leve je ou, gade syèl la byen. Konte zetwal yo si ou kapab. Apre sa, li di. Pitit pitit ou yo va anpil tankou zetwal nan syèl la.
Genesis 17:8Ou wè tè kote ou rete tankou moun vini koulye a? Mwen gen pou m' ba ou l' ansanm ak tout pitit pitit ou yo. tout peyi Kanaran an ap rele ou pa ou pou tout tan. Wi, se mwen menm k'ap Bondye yo tout.
Genesis 26:3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Exodus 1:12Men, tank moun Lejip yo t'ap peze moun pèp Izrayèl yo, se tank yo t'ap fè pitit, se plis yo t'ap peple. Moun Lejip yo vin rayi moun pèp Izrayèl yo.
Joshua 1:2-Koulye a, Moyiz, sèvitè m' lan, mouri. Pare kò ou, ou menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la. Nou pral janbe lòt bò larivyè Jouden an pou nou ka antre nan peyi m'ap ban nou an.