Joshua 11:4
Tout wa yo vini avèk tout sòlda yo. Sa te fè yon gwo lame sòlda pesonn pa t' ka konte, ou ta di grenn sab bò lanmè, avèk yon kantite chwal ak cha lagè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:17Mwen pwomèt pou m' ba ou anpil pitit pitit. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè. Y'a bat tout lènmi yo.
Judges 7:12Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.
2 Samuel 17:11Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo.
Psalms 20:8(020:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.