Judges 7:12
Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:3Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.
Judges 6:33Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
1 Samuel 13:5Moun Filisti yo menm, bò pa yo tou, sanble pou y' al atake pèp Izrayèl la. Yo te gen trantmil (030.000) cha lagè, simil (06000) kavalye. Pou sòlda apye menm, moun pa t' ka konte sa. Ou ta di grenn sab bò lanmè. Yo moute al pran pozisyon bò lavil Mikmas, sou bò solèy leve lavil Bètavenn.
1 Kings 20:27Akab reyini tout lame pèp Izrayèl la, li ba yo zam ak pwovizyon. Yo soti al kontre moun Siri yo. Yo separe fè de gwoup, yo moute kan yo devan lame moun Siri yo. Sòlda peyi Izrayèl yo te sanble ak de ti bann kabrit devan lame moun Siri a menm ki te kouvri tout peyi a.
Psalms 3:1(03:1) David t'ap kouri pou Absalon, pitit li, lè li ekri sòm sa a. (03:2) Seyè, ala anpil lènmi m' yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m' yo anpil!
Psalms 118:10Tout nasyon yo te sènen m', Men, avèk pouvwa Seyè a, mwen kraze yo nèt.