Joshua 14:2
Jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Seyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki tapral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 26:55Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
Numbers 34:13Moyiz bay moun Izrayèl yo lòd sa yo: -Men peyi nou pral separe yonn ak lòt la. Nou pral tire osò pou fè sa. Men peyi Seyè a bay pou nèf branch fanmi ak mwatye yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la.
Joshua 18:6N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.
Psalms 16:5Seyè, se ou menm ki tout byen mwen. Se ou ki ban m' tou sa m' merite. Lavi m' nan men ou.
Proverbs 18:18Lè de grannèg gen kont, jij yo fè tiraj osò pou konnen kilès pou yo bay rezon.
Matthew 25:34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.