Numbers 26:55
Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l' dapre kantite moun yo te konte nan chak.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 33:54N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.
Numbers 36:2yo di yo konsa: -Seyè a te ba ou, Moyiz, lòd pou ou te separe peyi a bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo dapre sa ki va soti pou yo lè y'a tire osò. Apre sa, Seyè a ta ba ou lòd pou ou te pran pòsyon ki pou Zelochad, fanmi nou an, pou ou bay pitit fi li yo.
Joshua 14:2Jan Seyè a te bay Moyiz lòd la, yo te tire osò devan Seyè a pou yo te ka konnen ki pòsyon ki tapral pou nèf branch fanmi ki te rete yo ak lòt mwatye branch nan fanmi Manase a.
Joshua 18:6N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.
Joshua 19:1Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.
Joshua 19:17Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.