Joshua 2:12
Koulye a, m'ap mande nou pou nou fè sèman devan Seyè a pou nou pwomèt n'ap aji byen avèk fanmi mwen, menm jan mwen aji byen avèk nou tou. Men sa m'ap mande nou pou nou fè pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 24:9Domestik la mete men l' nan fant janm Abraram, mèt li, epi li sèmante pou l' fè sa l' mande l' fè a.
Exodus 12:13San nou pase sou pòt yo va make kay kote nou ye a. Lè m'a wè san an, m'a sote kay nou. Konsa, lè m'ap frape peyi Lejip la, chatiman an p'ap tonbe sou nou tou.
Joshua 2:18Tande byen. Lè n'a anvayi peyi a, w'a mare kòdon wouj sa a nan fennèt kote ou fè nou desann lan. W'a pran manman ou ak papa ou, frè ou yo ak tout lòt moun ki nan fanmi ou lan, w'a fè yo reyini lakay ou.
Joshua 9:18Men, moun pèp Izrayèl yo pa t' ka touye yo, paske chèf moun Izrayèl yo te fè sèman ba yo nan non Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, yo p'ap fè yo anyen. Lè sa a, tout pèp Izrayèl la t'ap bougonnen sou do chèf yo pou sa.
1 Samuel 20:14Bon, koulye a menm, si lè sa a mwen poko mouri, tanpri kenbe pwomès ou te fè m' devan Bondye a. Pa lage m'.
1 Samuel 30:15David mande l': -Eske ou ka mennen nou kote bann moun sa yo ye a? Li reponn li: -Si ou pran Bondye pou temwen pou ou pwomèt mwen ou p'ap touye m', ni ou p'ap lage m' nan men mèt mwen an, m'ap mennen ou kote yo ye a.