Joshua 2:5
Men, lè yo tapral fèmen pòtay la apre solèy fin kouche, mesye yo soti, y' ale fè wout yo. Mwen pa konn ki wout yo fè. Si nou fè vit rapouswiv yo, n'a jwenn yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 2:7Sòlda wa yo menm soti sou wout ki mennen larivyè Jouden an, yo pati dèyè mesye yo pou yo pran yo anvan yo rive nan pas la. Soti sòlda yo soti, yo fèmen pòtay la.
Nehemiah 13:19Se konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m' menm ap veye bò pòtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.
Jeremiah 50:20Jou sa yo, lè sa a, yo p'ap jwenn yon peche pou mete sou kont moun Izrayèl yo, ni yon mechanste pou mete sou kont moun Jida yo, paske m'ap padonnen tout moun m'a kite chape anba lanmò. Se mwen menm Seyè a ki di sa.
Ezekiel 47:12Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
Revelation 21:25Pòtay yo va rete louvri tout lajounen. Men, paske la p'ap janm fè nwit, pòtay yo p'ap janm fèmen.