Zechariah 4:14
Li di m' konsa: -Se de moun Bondye chwazi pou fè travay Seyè a, Mèt latè a.
Bib La
In The King James Version
Then said he, These are the two anointed ones, that stand by the LORD of the whole earth.
In Context
13Li reponn mwen. -Ou pa konnen sa yo vle di? Mwen di l': -Non, mèt. M' pa konnen non!
Cross References
Exodus 40:15W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi m' prèt. Seremoni sa a va mete yo apa pou yo ka toujou sèvi m' prèt, de pitit an pitit.
Deuteronomy 10:8Se lè sa a Seyè a te mete moun branch fanmi Levi yo apa pou yo reskonsab pote Bwat Kontra Seyè a, pou yo ka kanpe devan l' fè sèvis pou li, pou yo ka beni pèp la nan non l', jan y'ap fè l' jouk koulye a.
Joshua 3:13Lè prèt k'ap pote Bwat Kontra Seyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.
1 Samuel 16:1Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w'a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l' jete pou l' pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M'ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l' yo pou vin wa.
1 Kings 17:1Yon pwofèt yo te rele Eli, moun lavil Tichbe nan zòn Galarad, di wa Akab konsa: -Nan non Seyè m'ap sèvi a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, men sa m'ap di ou: Pandan lanne k'ap vini yo, p'ap gen lawouze, p'ap gen lapli si se pa mwen ki mande sa.
Psalms 2:6Li di: -Se mwen menm ki mete wa mwen an sou mòn Siyon, mòn ki apa pou mwen an.