Joshua 4:23
Paske Seyè a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyè Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmè Wouj la devan zansèt nou yo jouk yo tout te fin pase.
Bib La
In The King James Version
In Context
22n'a fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pa t' mouye.
Cross References
Exodus 15:19Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.
Psalms 77:16(077:17) Lè dlo yo wè ou, Bondye, dlo yo soti pè. Lè dlo yo wè ou, fon lanmè yo pran tranble.
Isaiah 43:16Nan tan lontan, se li menm, Seyè a, ki te louvri yon chemen nan mitan lanmè a pou nou. Li te fè yon wout nan mitan gwo dlo ki te fin debòde yo.