Joshua 5:13
Yon jou, antan Jozye te toupre lavil Jeriko a, li rete konsa, li wè yon nonm kanpe devan l' avèk yon nepe nan men l'. Jozye mache sou li, epi li mande l': -Ou se yonn nan moun pa nou yo osinon yon lènmi?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:2Abraram leve je l', li rete konsa li wè twa mesye kanpe devan li toupre pyebwa yo. Wè li wè yo, li leve nan papòt la, li kouri al jwenn yo, li bese tèt li jouk atè pou l' di yo bonjou.
Genesis 33:1Jakòb leve je l' gade, li wè Ezaou ki t'ap mache vin jwenn li avèk katsan moun dèyè li. Li pran timoun yo, li separe yo, li bay Leya pa l' yo, li bay Rachèl pa l' yo, li bay de sèvant yo pa yo.
Exodus 23:23Zanj mwen an va mache devan nou, l'ap mennen nou nan peyi moun Amori yo, peyi moun Et yo, peyi moun Ferezi yo, peyi moun Kanaran yo, peyi moun Evi yo ak peyi moun Jebis yo. M'ap detwi yo tout.
Numbers 22:31Lè sa a, Seyè a louvri je Balaram, li fè l' wè zanj lan ki te kanpe nan mitan wout la avèk nepe l' nan men l'. Balaram lage kò l' fas atè.
Judges 13:8Lè sa a, Manoak lapriyè Seyè a, li di: -Tanpri, Mèt mwen, fè moun Bondye ou te voye a vin bò kote nou ankò pou l' ka di nou sa pou nou fè pou ti gason ki pral fèt la.
Judges 13:22Lè sa a, Manoak di madanm li: -Nou pral mouri, paske nou wè Bondye!