Joshua 5:6
Pèp Izrayèl la te pase karantan ap vwayaje nan dezè a. Pandan tout tan sa a, tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè yo te soti kite peyi Lejip la te mouri, paske yo pa t' koute Seyè a lè li te pale yo. Se konsa li te di yo li pa t'ap kite yo yonn wè peyi li te pwomèt li t'ap bay zansèt yo a, bon peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 3:17Se poutèt sa mwen di: M'ap fè nou soti kite peyi Lejip kote y'ap maltrete nou an. M'ap mennen nou nan peyi moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi ak moun Jebis yo. Se yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo.
Numbers 14:29Y'ap antere kadav nou tout nan dezè a. Nou tout ki t'ap bougonnen sou mwen yo, nou tout yo te konte lè resansman an, nou tout ki gen ventan ak sa ki pi gran yo, nou yonn p'ap antre nan peyi a.
Numbers 14:35Se mwen menm Seyè a ki di sa: Mwen fè sèman se konsa mwen pral aji ak bann moun sa yo ki mete tèt yo ansanm sou do m'. Yo tout gen pou yo disparèt nan dezè sa a. Wi, se la menm yo tout ap mouri.
Deuteronomy 2:7Chonje byen, Seyè a, Bondye nou an, te beni nou nan tou sa n'ap fè. Li te pran swen nou pandan tout tan nou t'ap moute desann nan gwo dezè a. Sa fè karantan depi Seyè a la nan mitan nou, nou pa janm manke anyen.
Deuteronomy 8:4Pandan tout karantan sa yo, rad sou nou pa janm fini, pye nou yo pa janm fè yon ti anfle.
Joshua 24:7Zansèt nou yo rele nan pye m', mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.