Joshua 8:22
Lòt moun pèp Izrayèl yo menm soti nan lavil la, epi yo mache sou yo tou. Konsa moun lavil Ayi yo te sènen toupatou ak moun pèp Izrayèl yo. Sòlda pèp Izrayèl yo touye mezi moun yo jwenn devan yo. Yo pa kite yonn vivan,
Bib La
In The King James Version
In Context
23esepte wa lavil Ayi a. Yo pran msye, yo mennen l' bay Jozye.
Cross References
Deuteronomy 7:2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
Joshua 10:28Menm jou sa a, Jozye atake lavil Makeda, epi li pran l'. Li touye wa a. Lèfini, li fè touye tout moun ak tout bèt ki te nan lavil la tankou yon ofrann pou Seyè a, san li pa kite anyen chape. Li fè wa Makeda a menm sa li te fè wa Jeriko a.
Job 20:5mechan yo pa janm gen kè kontan pou lontan. Plezi moun k'ap fè mal yo se pou yon ti tan.
1 Thessalonians 5:3Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.