Joshua 8:28
Jozye boule lavil Ayi a, li fè l' tounen mazi, kote moun pa janm rete jouk jòdi a.
Bib La
In The King James Version
And Joshua burnt Ai, and made it an heap for ever, even a desolation unto this day.
In Context
27Moun Izrayèl yo te pran tout bèt moun yo ak tout byen yo pou yo, jan Seyè a te bay Jozye lòd la.
Cross References
Deuteronomy 13:17Piga nou kenbe pou nou anyen nan bagay nou fèt pou boule pou Seyè a. Se konsa Seyè a va sispann fache sou nou, l'a gen pitye pou nou. Wi, l'a fè pa nou. L'a fè nou peple jan li te pwomèt sa bay zansèt nou yo.
2 Kings 19:25Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fè lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tèt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fè yo tounen yon pil demoli.
Isaiah 25:2Ou fè tout lavil tounen pil wòch, lavil ki te gen gwo ranpa tounen vye kay kraze. Sitadèl lènmi yo te bati a disparèt. Yo p'ap janm ka rebati l' ankò.
Jeremiah 49:2Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.
Micah 3:12Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.