Jude 1:13
Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 93:3Larivyè yo desann, Seyè, larivyè yo ap fè bri. Larivyè yo desann, y'ap fè gwo bri.
Jeremiah 5:22Se Seyè a k'ap pale ak nou: Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Se mwen menm ki mete sab pou sèvi limit pou lanmè a, yon limit k'ap la pou tout tan, yon limit li p'ap ka janm depase. Lanm lanmè yo mèt move, yo p'ap ka fè anyen. Lanmè a te mèt gwonde, li p'ap ka janm depase l'.
2 Timothy 3:13Men, mechan k'ap fè bagay pou twonpe moun yo pral pi lwen toujou nan mechanste yo, yo toujou ap twonpe moun, y'ap kite moun twonpe pwòp tèt yo tou.
Revelation 8:10Apre sa, twazièm zanj lan kònen klewon l' lan. Yon gwo zetwal ki t'ap boule tankou yon bwa chandèl tonbe soti nan sièl la. Li tonbe sou yon tiè nan tout larivyè ak sous dlo yo.
Revelation 20:10Lè sa a, yo pran Satan ki te alatèt yo, yo jete l' nan lètan dife ak souf la, menm kote yo te deja jete bèt la ak fo pwofèt la. Yo pral soufri anpil, lajounen kou lannwit pou tout tan.