Jude 1:14
Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon apre Adan, te pale sou yo, lè l' te di: Koute. Men Bondye ap vini ak tout lame moun pa li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 5:18Jerèd te gen sanswanndezan (0162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
Deuteronomy 33:2Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife.
Job 19:25Mwen menm, mwen konnen moun ki gen pou vin pran defans mwen an byen vivan. Se li menm an dènye k'ap kanpe sou latè pou pale pou mwen.
Daniel 7:9Mwen t'ap gade toujou, mwen wè yo ranje yon bann fotèy. Yon granmoun ki te la depi nan konmansman vin chita sou yonn nan fotèy yo. Rad ki te sou li a te blan kou koton. Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton byen pwòp. Fotèy li a te tankou flanm dife, li te moute sou wou ki te tankou chabon dife tou limen.
Matthew 16:27Konprann sa byen, Moun Bondye voye nan lachè a gen pou l' tounen ak zanj li yo, nan tout bèl pouvwa Papa l' la. Lè sa a, li va bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè.
Matthew 25:31Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.