Jude 1:4
Paske, gen kèk mechan ki gen tan fofile kò yo nan mitan nou. Se moun ki san respè pou Bondye. Yo pran renmen Bondye renmen nou an sèvi yon kouvèti pou fè dezòd. Yo vire do bay Jezikri ki sèl Mèt ak sèl Segnè nou an. Depi lontan yo te ekri nan Liv la ki kalite kondannasyon k'ap tann moun sa yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 1:1Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,
Matthew 13:25Men, yon jou lannwit, pandan tout moun t'ap dòmi, yon lènmi nonm lan vini, li simen move zèb nan mitan mayi yo. Apre sa, li ale.
Acts 11:23Lè Banabas rive, li wè ki jan Bondye t'ap beni disip yo. Li pa t' manke kontan, li t'ap ankouraje yo pou yo tout te kenbe fèm ak tout kè yo nan sèvis Seyè a san dekouraje.
Romans 6:1Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske nou mèt kontinye ap viv toujou nan peche pou favè Bondye a ka vin pi plis toujou?
Galatians 2:4atout kèk swadizan frè ki te fofile kò yo nan mitan nou te vle yo sikonsi li. Moun sa yo te glise kò yo nan mitan nou tankou espyon k'ap veye libète nou gen nan Jezi Kris la. Yo te vle fè nou tounen esklav ankò.
Ephesians 4:14Lè sa a, nou p'ap viv tankou timoun ankò, tankou moun k'ap chanje lide fasil, ki kite kouran nenpòt doktrin trennen yo ale, ki tankou jwèt nan men bann rize sa yo ki konn ki jan pou yo pran tèt moun nan bay manti.