The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 1 › Judges 1:18

Judges 1:18

Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.

Bib La

In The King James Version

Also Judah took Gaza with the coast thereof, and Askelon with the coast thereof, and Ekron with the coast thereof.

In Context

17Moun Jida yo ale ansanm ak moun Simeyon yo, yo bat moun Kanaran ki te rete lavil Zefa yo. Yo detwi lavil la, yo touye dènye moun ak dènye bèt ki te ladan l'. Yo boule yo tankou yon ofrann pou Seyè a. Yo chanje non lavil la, yo rele l' Oma.

19Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.

Read all of Judges 1

Cross References

Deuteronomy 2:23Se menm bagay la ki rive avit yo ki te rete nan tout ti bouk ou jwenn jouk ou rive lavil Gaza: moun Kaftò yo soti zile Krèt, yo touye avit yo epi yo rete nan peyi a nan plas yo.

Joshua 13:3ki vle di depi larivyè Chikò k'ap koule sou fwontyè lès peyi Lejip la, moute nan nò, jouk sou fwontyè Ekwon an. Tout teritwa sa a te pase pou peyi moun Kanaran yo. Te gen senk chèf pami moun Filisti yo: yonn te rete lavil Gaza, yon lòt te rete lavil Asdòd, yon lòt lavil Askalon, yon lòt lavil Gat, yon lòt lavil Ekwon. Te rete peyi moun Avit yo tou,

Joshua 15:45Te gen Ekwon ak tout ti bouk ki sou lòd li.

Judges 14:19Lè sa a, lespri Seyè a desann sou Samson pou ba l' fòs. Li pati, l' ale lavil Askalon. Li touye trant gason nan moun lavil la, epi li pran rad ki te sou yo, li pote yo bay mesye ki te jwenn kont lan. Apre sa, li fè yon sèl kòlè, li tounen lakay papa l'.

Judges 16:21Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.

Jeremiah 25:20tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 1:18

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 1:17Judges 1Judges 1:19 →