The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 1 › Judges 1:19

Judges 1:19

Seyè a te kanpe ak moun Jida yo, li fè yo pran tout mòn yo pou yo. Men, yo pa t' kapab mete moun ki nan laplenn yo deyò paske yo te gen cha lagè fèt an fè.

Bib La

In The King James Version

And the LORD was with Judah; and he drave out the inhabitants of the mountain; but could not drive out the inhabitants of the valley, because they had chariots of iron.

In Context

18Moun Jida yo pa t' pran lavil Gaza ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Askalon ak tout zòn ki sou zòd li, lavil Ekwon ak tout zòn ki sou zòd li.

20Jan Moyiz te bay lòd la, yo pran lavil Ebwon bay Kalèb. Kalèb mete twa pitit gason Anak yo deyò nan lavil la.

Read all of Judges 1

Cross References

Genesis 39:21Men Seyè a te kanpe la avèk Jozèf. Li moutre l' jan l' te renmen l', li fè chèf prizon an gen Jozèf konfyans.

Joshua 1:5Pandan tout rès vi ou, pesonn p'ap ka kenbe tèt ak ou. M'ap toujou kanpe la avèk ou, menm jan mwen te toujou la avèk Moyiz. Mwen p'ap vire do ba ou, mwen p'ap janm lage ou.

Joshua 7:12Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou.

Joshua 14:12Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Seyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann gwonèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Seyè a pral kanpe avè m'. L'a ede m' pran peyi a nan men yo jan li te di l' la.

Judges 1:2Seyè a reponn yo: -Se branch fanmi Jida a ki pou premye ale. Se mwen menm k'ap lage tout peyi a nan men yo.

Judges 4:3Li te gen nèfsan (0900) cha lagè fèt an fè. Pandan ventan li t'ap maltrete moun pèp Izrayèl yo, li t'ap malmennen yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la pran rele nan pye Seyè a.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 1:19

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 1:18Judges 1Judges 1:20 →