Judges 1:7
Lè sa a, Adonibezèk di: -Mwen te koupe dwèt gwopous ak gwo tèt zòtèy pye swasanndis wa. Yo te konn ranmase kras manje ki tonbe anba tab mwen. Jòdi a, Bondye fè m' sa m' te fè yo a. Yo mennen msye lavil Jerizalèm. Se la li mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 24:19Si ou fè yon moun menm peyi avè ou mal, se pou yo fè ou menm bagay la tou.
Judges 9:24Sa te rive konsa pou yo tout te ka peye sa yo te fè a: Abimèlèk pou masakre li te masakre swasanndis pitit gason Jewoubaal yo, grannèg lavil Sichèm yo pou ankouraje yo te ankouraje Abimelèk lè li t'ap touye frè l' yo.
1 Samuel 15:33Samyèl di li: -Avèk nepe ou, ou te fè anpil manman pèdi pitit yo. Koulye a, nan tout fanm ki sou latè, manman ou pral pèdi pitit pa li tou. Epi li koupe Agag an moso la devan lotèl Seyè a lavil Gilgal.
Isaiah 33:1Madichon pou lènmi nou yo! Y'ap devalize nou, pesonn pa devalize yo. Y'ap trayi nou, pesonn pa trayi yo. Men tou, lè y'a fin devalize nou, moun va devalize yo tou! Lè y'a fin trayi nou, moun va trayi yo tou!
Matthew 7:1Pa jije moun pou Bondye pa jije nou,
Romans 2:15Konsa, yo moutre ki jan sa lalwa Moyiz mande a ekri nan kè yo. Konsyans yo moutre sa tou paske yon lè konsyans yo repwoche yo sa yo fè, yon lòt lè konsyans yo dakò ak sa yo fè.