Judges 12:1
Lè sa a, moun branch fanmi Efrayim yo reyini ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden, y' al lavil Zafon. Yo di Jefte konsa: -Poukisa ou travèse al goumen ak moun Amon yo san ou pa rele nou ale avè ou? Se poutèt sa, nou pral boule kay ou a sou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 14:15Sou katriyèm jou a, yo rele madan Samson, yo di l' konsa: -Pran tèt mari ou, fè l' ban nou kont la. Si ou pa fè sa, n'ap mete dife lakay papa ou, n'ap boule l' ansanm avè ou ladan l'! Gen lè se pou eskanmòte tou sa nou genyen ou te envite nou isit la?
2 Samuel 19:41Lè sa a, moun peyi Izrayèl yo al jwenn wa a, yo di l' konsa: -Monwa, poukisa frè nou yo, moun peyi Jida yo, te vin pran ou, yo fè ou janbe larivyè Jouden ansanm ak tout fanmi ou ak tout moun pa ou yo?
Proverbs 27:3Wòch lou, sab lou. Men, yo pa ka pi lou pase yon moun san konprann lè l' fache.
Mark 3:24Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.
James 3:16Paske, kote ki gen jalouzi, kote moun ap kouri dèyè enterè pa yo, fòk gen dezòd ak tout kalite mechanste.