Mak 3:24
Si yon peyi gen divizyon ladan l' pou moun yo ap goumen yonn ak lòt, peyi sa a pa la pou lontan.
Bib La
In The King James Version
And if a kingdom be divided against itself, that kingdom cannot stand.
In Context
23Jezi rele yo, li di yo an parabòl: -Ki jan Satan fè ap chase Satan?
25Si gen divizyon nan yon fanmi, fanmi sa a pa la pou lontan.
Cross References
Judges 9:23Apre sa, Bondye mete yon sèl bouyay ant Abimelèk ak grannèg Sichèm yo, li fè grannèg Sichèm yo leve dèyè Abimelèk.
2 Samuel 20:1Nan lavil Gilgal te gen yon nonm yo te rele Cheba, pitit Bikri, nan branch fanmi Benjamen an. Se te yon vakabon. Li manche twonpèt li, li rele pèp la, epi li di yo byen fò: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David! Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a! Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo!
1 Kings 12:16Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t' soti pou li fè sa yo te mande l' la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
Isaiah 19:2Seyè a di: M'ap fè moun peyi Lejip yo leve yonn dèyè lòt. Yo pral goumen yonn ak lòt, vwazinaj ak vwazinaj, vil ak vil, chèf ak chèf.
Zechariah 11:14Apre sa, mwen kase dezyèm baton m' lan, sa mwen te rele Tèt Ansanm lan, pou fè konnen pa gen tèt ansanm ankò ant moun Jida yo ak moun Izrayèl yo.
1 Corinthians 1:10Frè m' yo, men sa m'ap mande nou, nan non Jezikri, Seyè nou an. Tanpri, mete nou dakò sou tout bagay. Pa kite divizyon mete pye nan mitan nou. Okontrè, se pou nou viv byen yonn ak lòt. Mete yon sèl lide nan tèt nou, se pou nou tout gen yon sèl pawòl.