Judges 13:20
Pandan flanm dife yo t'ap soti sou lotèl la moute nan syèl la, Manoak ak madanm li wè mesaje Seyè a moute nan syèl la nan flanm dife a. Lè yo wè sa, yo lage kò yo fas atè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:3Lè sa a, Abram mete ajenou, li bese tèt li jouk atè. Bondye pale avè l' ankò, li di l'.
Judges 6:19Se konsa, Jedeyon antre, li kwit yon jenn ti kabrit. Li pran yon mamit farin frans, li fè pen san li pa mete ledven ladan l'. Li mete vyann lan nan yon ti panyen, li mete sòs vyann lan nan yon gode, li pote yo bay zanj Seyè a anba pye chenn lan. Li lonje yo ba li.
2 Kings 2:11Yo t'ap mache ansanm, yo t'ap pale yonn ak lòt lè yon cha dife ak chwal dife vin nan mitan yo. Epi li pote Eli moute nan syèl nan yon gwo toubouyon.
1 Chronicles 21:21Onan vire tèt li, li wè David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tèt li jouk fwon li touche tè.
Psalms 47:5(047:6) Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y'ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
Ezekiel 1:28Li te nan mitan yon limyè tout koulè tankou lakansyèl yon jou lapli. Gwo bèl limyè sa a te fè m' konprann se Seyè a ki te parèt devan m'. Lè mwen wè sa, mwen tonbe sou de jenou m', tèt mwen bese jouk atè. Lèfini mwen tande yon vwa moun k'ap pale.