Judges 13:3
Zanj Seyè a parèt devan madanm lan, li di l' konsa: -Ou pa t' janm ka fè pitit, pa vre? Men ou pral vin ansent, ou pral fè yon pitit gason.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:16M'ap beni madanm ou, m'ap fè l' ba ou yon pitit gason. M'ap beni l', m'ap fè l' tounen manman moun anpil nasyon. Anpil nan pitit pitit li yo va wa.
Genesis 18:14Bon. Eske gen kichòy ki twòp la a pou Mèt la fè? Sou dat mwen fikse a, m'a tounen pase wè ou ankò. Lè sa a, Sara va gen yon pitit gason.
Judges 6:11Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.
Judges 13:6Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.
Judges 13:10Madanm lan prese kouri al bay mari l' nouvèl la. Li di li konsa: -Men moun ki te vin bò kote m' lòt jou a parèt devan m' ankò.
2 Kings 4:16Elize di li: —Nan ennan, vè lè konsa, w'a kenbe yon pitit gason nan bra ou. Madanm lan di: —Non, mèt. Tanpri, se sèvitè Bondye ou ye, pa ban m' manti.