Judges 16:25
Kè tout moun te kontan. Yo di konsa: -Fè chache Samson pou n' ka pran plezi nou ak li. Y' al chache Samson nan prizon an, yo mennen l' devan yo pou yo te ka pran plezi yo avè l'. Yo mete msye nan mitan de gwo poto.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 9:27Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.
Judges 19:6Mesyedam yo chita, yo manje, epi yo bwè. Apre sa, papa madanm lan di moun Levi a konsa: -Tanpri, pase nwit la ankò isit la. Pran plezi ou non!
2 Samuel 13:28Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.
Esther 3:15Dapre lòd wa a, mesaje yo kouri pote mesaj la nan tout pwovens yo. Yo pibliye nouvèl la tou nan lavil Souz, kapital la. Tout lavil Souz te tèt anba, wa a menm te chita ap bwè ak Aman.
Psalms 35:15Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.
Psalms 69:26(069:27) Paske yo te pèsekite moun ou t'ap pini an. Y'ap pwonmennen rakonte soufrans moun ou blese a.