Judges 20:10
Lèfini n'ap pran yon moun sou dis nan chak branch fanmi yo pou al chache manje pou moun ki pral regle moun lavil Gibeya yo pou vye bagay derespektan yo te fè nan peyi Izrayèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
9Men sa nou pral fè: nou pral tire osò pou n' chwazi kèk moun pou al regle moun lavil Gibeya yo.
11Se konsa tout pèp Izrayèl la te mete tèt yo ansanm pou y' al pini moun lavil Gibeya yo.
Cross References
Leviticus 18:24Piga nou janm fè bagay sa yo k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka fè sèvis Bondye. Se bagay konsa pèp lòt nasyon ki t'ap viv nan peyi a anvan nou yo te konn fè. Se poutèt sa Seyè a ap mete yo deyò pou nou ka pran plas yo.
Joshua 7:15Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la.
Judges 21:1Moun pèp Izrayèl yo te fè gwo sèman devan Seyè a lavil Mispa. Yo te di: -Nou p'ap janm bay pitit fi nou pou yo marye ak moun nan fanmi Benjamen yo.