Judges 4:21
Sisera te sitèlman bouke, dòmi pote l' ale. Lè sa a, Jayèl, madanm Ebè, pran yonn nan pikèt tant yo ak yon mato, li pwoche tou dousman bò kote Sisera, epi li foure pikèt la nan tanp msye, li fè l' travèse tèt Sisera pak an pak, jouk li antre nan tè. Epi Sisera mouri.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 3:21Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant.
Judges 5:26Li pran yon pikèt tant nan men gòch li, yon mato travayè nan men dwat li. Li frape Sisera nan tèt ak mato a, li krabouye tèt li. Li pèse tanp li, li touye l'.
1 Samuel 17:43Sòlda Filisti a di David konsa: -Gen lè se yon chen mwen ye pou se avèk yon baton w'ap mache sou mwen? Epi li pran non bondye l' yo pou madichonnen David.
Psalms 3:7(03:8) Leve non, Seyè! Sove m' non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m' yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.
1 Corinthians 1:27Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont.