Judges 6:3
Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 25:6Men anvan l' mouri, li te bay pitit li te fè ak lòt fanm kay yo kèk kado. Apre sa, li fè yo pati, li voye yo byen lwen Izarak, pitit gason l' lan, li voye yo nan peyi kote solèy leve a.
Exodus 17:8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
Deuteronomy 28:30N'a fiyanse ak yon fi, men se yon lòt gason ki va kouche ak li. N'a bati yon kay, men nou p'ap janm rete ladan l'. N'a plante yon jaden rezen, men nou p'ap janm jwi l'.
Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.
Judges 6:33Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
Judges 8:10Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (0120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (015.000) gason.