The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 6 › Judges 6:4

Judges 6:4

Yo moute tant yo sou tè moun Izrayèl yo, yo ravaje tout rekòt yo rive jouk toupre lavil Gaza. Yo pa kite anyen pou moun Izrayèl yo manje, pa menm yon mouton, yon bèf osinon yon bourik.

Bib La

In The King James Version

And they encamped against them, and destroyed the increase of the earth, till thou come unto Gaza, and left no sustenance for Israel, neither sheep, nor ox, nor ass.

In Context

3Chak fwa moun Izrayèl yo te fè yon ti plante, moun Madyan yo moute ansanm avèk moun Amalèk yo ak lòt bann moun k'ap viv sou bò solèy leve, yo vin atake yo.

5Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.

Read all of Judges 6

Cross References

Genesis 10:19Lizyè tè moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tèt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodòm ak Gomò, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.

Leviticus 26:16men ki jan m'ap peni nou: M'ap voye gwo malè sou nou. Maladi ap mennen nou. Lafyèb ap fè nou deperi. Nou p'ap ka wè nan je nou, n'ap pèdi souf nou. Nou va simen grenn nan jaden nou. Men, sa p'ap sèvi nou anyen, paske se lènmi nou yo ki va jwi rekòt nou yo.

Deuteronomy 28:31Y'a touye bèf nou yo la devan je nou, men nou p'ap ka mete yon ti moso nan vyann li nan bouch nou. Y'ap pran bourik nou nan bab nou al avè l', yo p'ap janm renmèt nou li. Y'a bay lènmi nou yo tout mouton nou yo, epi p'ap gen pesonn pou pote nou sekou.

Deuteronomy 28:51Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.

Jeremiah 5:17Y'ap devore tout rekòt ak tout manje nou yo. Y'ap touye ni pitit gason, ni pitit fi nou yo. Y'ap koupe tèt bèf, tèt kabrit ak tèt mouton nou yo. Y'ap koupe dènye pye rezen ak dènye pye fig frans nou yo met atè. Y'ap kraze dènye lavil ak ranpa nou te kwè ki ta ka pwoteje nou yo. Y'ap vini atake nou ak nepe.

Obadiah 1:5Lè vòlò antre lakay moun lannwit pou piye, yo annik pran sa yo bezwen. Lè moun ap ranmase rekòt rezen, yo toujou kite dèyè pou moun k'ap vin grapiye yo. Men, gade jan lènmi ravaje nou nèt ale non!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 6:4

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 6:3Judges 6Judges 6:5 →