Judges 6:33
Lè sa a, tout moun Madyan yo, tout moun Amalèk yo ak tout moun k'ap viv nan dezè a bò solèy leve yo mete tèt ansanm, yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, yo moute kan yo nan plenn Jizreyèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 3:16Dlo ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pa t' gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko.
Joshua 19:18Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l': Kesoulòt, Choumèm,
Judges 7:1Jewoubaal, ki vle di Jedeyon, leve granmaten ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, y' al moute kan yo bò Sous Awòd la. Moun Madyan yo menm te moute kan pa yo nan tout plenn lan, nan pye mòn More, sou bò nò kan Jedeyon an.
Judges 7:24Jedeyon menm voye mesaje nan tout mòn Efrayim yo pou di mesye yo: -Desann, vin goumen ak moun Madyan yo. Al bare yo bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara pou anpeche yo pase. Tout moun Efrayim yo reyini vre. Epi y' al bare wout la sou bò dlo a sou tout longè larivyè Jouden an jouk Bèt-Bara.
1 Kings 18:45Yon sèl lè a, syèl la gen tan kouvri ak nwaj nwa. Van an tanmen soufle, yon gwo lapli pran tonbe. Akab moute sou cha li, li pati pou Jizreyèl.
1 Chronicles 5:19Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab.