The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 7 › Judges 7:13

Judges 7:13

Lè Jedeyon rive, li jwenn yon nonm ki t'ap rakonte yon zanmi l' yon rèv li te fè. Li t'ap di l' konsa: -Monchè, mwen fè yon rèv: Mwen wè yon pen won fèt ak farin lòj ki t'ap woule nan mitan kan an. Epi li rive, l' al frape sou tant lan. Tant lan chavire, li tonbe plat atè.

Bib La

In The King James Version

And when Gideon was come, behold, there was a man that told a dream unto his fellow, and said, Behold, I dreamed a dream, and, lo, a cake of barley bread tumbled into the host of Midian, and came unto a tent, and smote it that it fell, and overturned it, that the tent lay along.

In Context

12Moun Madyan yo, moun Amalèk yo ak moun k'ap viv nan dezè bò solèy leve yo te kouvri tout plenn lan, tankou desen krikèt vèt nan jaden. Chamo yo te genyen, moun pa t' ka konte sa, menm jan yo pa ka konte grenn sab bò lanmè.

14Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'.

Read all of Judges 7

Cross References

Judges 3:15Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab.

Judges 4:9Debora reponn: -Bon. Dakò! M' prale avè ou. Men, yo p'ap janm di se ou ki te bat Sisera, paske se yon fanm Seyè a ap fè touye l'. Epi Debora leve, l' ale lavil Kadès ansanm ak Barak.

Judges 6:15Jedeyon reponn li! -Tanpri, mèt! Avèk kisa mwen pral delivre pèp Izrayèl la? Fanmi mwen, se li ki gen pi piti moun nan branch fanmi Manase a. Lèfini, mwen menm pou tèt pa m', se mwen menm ki pi piti lakay papa m'.

Isaiah 41:14Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 7:13

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 7:12Judges 7Judges 7:14 →