Judges 7:14
Zanmi an reponn li: -Boul pen won an, se nepe Jedeyon, pitit Joas la, nonm pèp Izrayèl la. Sa pa vle di lòt bagay! Bondye lage moun Madyan yo ak tout lame a nan men l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Numbers 23:5Seyè a pale ak Balaram byen pale. Apre sa, li di l': -Tounen bò kote Balak. W'a pale avè l' jan mwen di ou la.
Numbers 24:10Lè sa a, Balak fè yon sèl move sou Balaram, li frape pye l' atè, li di konsa: -Mwen te rele ou isit la pou bay lènmi m' yo madichon pou mwen. Men, gade sa ou fè. Se beni ou beni yo pito. Sa fè twa fwa ou fè sa.
Joshua 2:24Yo di l' konsa: -Seyè a lage tout peyi a nan men nou. Tout moun nan peyi a ap tranble tèlman yo pè nou.
Judges 3:28Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase.
2 Kings 7:6Seyè a te fè sòlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakèt cha lagè, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sòlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayèl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.