Judges 8:27
Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:6y'a fè jile a ak lò ak twal siperyè koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y'a fè bèl bodri byen fèt sou li.
Exodus 34:16Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.
Deuteronomy 7:25N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm.
Judges 2:2Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k'ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m' te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!
Judges 6:11Lè sa a, zanj Seyè a vini, li chita anba pye chenn ki toupre yon ti bouk yo rele Ofra, ki te pou Joas, moun fanmi Abyezè yo. Jedeyon, pitit gason l' lan, t'ap bat ble an kachèt anndan kay kote yo konn kraze rezen an, pou moun Madyan yo pa t' vin pran l' nan men l'.
Judges 8:32Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo.