Exodus 34:16
Konsa konsa, yon lè n'a pran pitit fi moun sa yo pou madanm pitit gason nou yo. Lè pitit fi yo menm va lage kò yo nan sèvis lòt bondye yo, yo ka pran tèt pitit gason nou yo, fè yo vire do ban mwen pou y al sèvi bondye pa yo a, tankou lè yon nonm kite madanm li pou l' al dèyè lòt fanm.
Bib La
In The King James Version
In Context
17Piga ou janm fonn metal pou fè estati ki pou sèvi ou bondye.
Cross References
Leviticus 21:15Sinon, pitit li yo va yon wont pou fanmi an. Se mwen menm, Seyè a, ki mete li apa pou sèvis mwen.
Deuteronomy 7:3Piga nou marye ak moun sa yo. Pa kite pitit fi nou marye ak pitit gason yo, ni pa kite pitit gason nou marye ak pitit fi yo.
Joshua 23:12Si nou vire do bay Bondye, si n' al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k'ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,
Judges 3:6Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.
1 Kings 11:2Li te marye ak anpil fanm ki soti nan lòt nasyon, atout Seyè a te bay moun pèp Izrayèl yo lòd pou yo pa janm marye ak moun sa yo, pou yo pa janm kite yo mele ak yo, paske moun sa yo va pran tèt yo pou fè yo sèvi bondye pa yo. Men, Salomon te sitèlman renmen yo, li marye ak yo.
2 Chronicles 21:11Li te menm rive fè bati tanp pou sèvi zidòl nan mòn peyi Jida yo. Li lakòz moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye. Li fè peyi Jida a pèdi wout li.