The Bible Software
bible.software › Judges › Judges 8 › Judges 8:33

Judges 8:33

Apre Jedeyon mouri, pèp Izrayèl la vire do bay Bondye ankò, yo pran fè sèvis pou Baal yo. Yo fè Baal-Berit sèvi yo bondye.

Bib La

In The King James Version

And it came to pass, as soon as Gideon was dead, that the children of Israel turned again, and went a whoring after Baalim, and made Baal-berith their god.

In Context

32Lè Jedeyon, pitit Joas la, mouri, li te gen yon bèl laj sou tèt li. Yo antere l' nan kavo Joas, papa l', te genyen lavil Ofra, lavil ki te pou fanmi Abyezè yo.

34Se konsa, yo pa dòmi reve Seyè a, Bondye yo a, li menm ki te delivre yo anba men lènmi ki te sènen yo toupatou.

Read all of Judges 8

Cross References

Exodus 34:15Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo.

Judges 2:7Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l' pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.

Judges 2:19Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y' al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t'ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.

Judges 8:27Jedeyon fè yon estati ak lò a, li mete l' nan lavil Ofra, kote l' moun lan. Tout moun pèp Izrayèl yo vire do bay Bondye, yo vin adore estati a lavil Ofra. Sa te tounen yon pèlen pou Jedeyon ak tout fanmi li yo.

Judges 9:27Y' al nan jaden yo, yo keyi rezen nan jaden rezen yo, yo fè diven, yo fè fèt. Y' al nan tanp bondye yo a, yo manje, yo bwè, epi yo bay Abimelèk kont madichon li.

Judges 10:6Apre sa, moun pèp Izrayèl yo rekonmanse ankò ap fè sa ki mal nan je Bondye. Yo pran fè sèvis pou Baal yo, pou Astate yo, pou bondye moun peyi Siri yo, pou bondye moun peyi Sidon yo, pou bondye moun peyi Moab yo, pou bondye moun peyi Amon yo ak bondye moun peyi Filisti yo. Yo vire do bay Seyè a, yo sispann sèvi l'.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Judges 8:33

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Judges 8:32Judges 8Judges 8:34 →