Exodus 34:15
Pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi a, paske lè y'ap sèvi bondye yo, lè y'ap touye bèt pou yo, sa y'ap fè a se menm bagay ak fanm k'ap fè jennès. Lè sa a y'a konprann pou yo vin envite nou. Konsa nou ka tonbe nan manje vyann bèt yo te ofri bay zidòl yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:32Piga nou pase ankenn kontra ak moun sa yo, ni ak bondye yo.
Exodus 34:12Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.
Leviticus 20:5se mwen menm ki p'ap okipe l' ankò, li menm ak tout fanmi l'. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l' pou y al sèvi Molòk.
Numbers 25:1Pèp Izrayèl la vin moute tant yo nan Fon Zakasya yo. Lè sa a, mesye yo konmanse lage kò yo nan vagabondaj ak fanm peyi Moab yo.
Deuteronomy 7:2Seyè a, Bondye nou an, pral lage yo nan men nou, nou pral bat yo. Lè sa a, se pou nou detwi yo nèt tankou yon ofrann pou Bondye nou an. Piga nou pase ankenn kontra ak yo. Piga nou gen pitye pou yo.
Deuteronomy 31:18Men malgre sa, mwen menm m'a refize ede yo paske yo te fè twòp bagay mal lè yo te al kouri dèyè lòt bondye.