Lamentations 1:20
Seyè, gade jan kè m' sere non! Mwen boulvèse. Kè m' ap fè m' mal paske mwen te fè wòklò. Nan lari y'ap ansasinen mwen. Anndan kay menm, se pa pale!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:40Men, lè sa a pitit pitit nou yo va rekonèt peche yo ak peche zansèt yo, peche yo te fè paske yo te refize fè sa m' te di yo fè, peche yo te fè paske yo te kenbe tèt avè m'.
1 Kings 8:47antan yo la nan peyi kote lènmi yo te depòte yo a, si yo règrèt sa yo te fè, si yo lapriyè nan pye ou, si yo rekonèt yo te fè sa ki mal, si yo rekonèt yo te peche, si yo rekonèt yo antò,
Job 33:27L'ap mache bay Bondye lwanj toupatou. L'ap di: -Mwen te peche, mwen te fè sa ki mal. Men, Bondye pa fè m' peye pou sa m' te fè a.
Psalms 51:3(051:5) Mwen rekonèt sa m' fè a pa bon. Se tout tan peche m' lan devan je m'.
Isaiah 16:11Se poutèt sa, m'a plenn, kè m' fè m' mal pou peyi Moab, mwen nan gwo lapenn pou lavil Kyerès.
Jeremiah 2:35w'ap plede di ou pa antò. Seyè a pa fache avè ou ankò. Men, mwen menm Seyè a, mwen pral pini ou paske ou refize rekonèt ou te fè sa ou pa t' dwe fè.