Lamentations 1:19
Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 19:13Bondye fè frè m' yo renka kò yo sou mwen. Zanmi m' yo kouri pou mwen.
Jeremiah 14:15Se poutèt sa, men sa Seyè a di li pral fè pwofèt li pa t' janm voye yo men ki pran non l' pou di pèp la p'ap gen lagè ni grangou nan peyi a: Se nan lagè ak nan grangou tout pwofèt sa yo pral mouri!
Jeremiah 27:13Pa gen rezon pou nou mouri, ou menm ak tout pèp ou a, nan lagè, nan grangou, anba move maladi. Paske se sa Seyè a te di ki gen pou rive tout nasyon ki va derefize soumèt devan wa Babilòn lan.
Jeremiah 37:7Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m' lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip.
Lamentations 1:2Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l' san rete. Nan tout moun ki te renmen l' yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l'. Tout zanmi l' yo trayi l', yo tout fè l' lènmi koulye a.
Lamentations 2:20Gade non, Seyè! Manyè wè ki moun w'ap matirize konsa! Manman ap manje pitit ki sot nan vant yo, pitit yo renmen anpil yo. Y'ap touye prèt yo ak pwofèt yo nan kote ki apa pou Bondye sèl Mèt la, nan tanp lan.