Lamentations 1:21
Koute jan m'ap plenn. Pa gen pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo vin konnen nan ki malè mwen ye. Yo kontan wè se ou menm ki fè m' sa. Tanpri, fè jou ou te pwomèt la rive non, pou lènmi m' yo ka vin jan mwen ye a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 35:15Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.
Psalms 38:16(038:17) Paske, mwen di nan kè m': -Pa kite yo fè fèt sou tèt mwen, pa kite yo moute sou mwen si pye m' chape.
Isaiah 13:1Men mesaj Bondye te bay Ezayi, pitit Amòz la, sou lavil Babilòn:
Isaiah 51:22Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.
Jeremiah 30:16Men, yon lè yo gen pou yo devore moun k'ap devore ou koulye a. Y'ap fè tout moun ki pa vle wè ou yo prizonye, y'ap depòte yo. Y'ap piye moun k'ap piye ou yo. Y'ap fini ak moun k'ap fini avè ou yo.
Jeremiah 48:27Chonje jan nou te konn ap pase pèp Izrayèl la nan rizib. Eske nou te janm bare yo ap fè bann ak vòlò kifè chak fwa n'ap pale sou yo, n'ap souke tèt nou, n'ap di podjab pou yo?