Lamentations 2:10
Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 7:6Jozye te sitèlman nan lapenn, li chire rad sou li, epi li tonbe ajenou, li bese tèt jouk atè devan Bwat Kontra Seyè a. Li rete konsa jouk aswè ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo, yo pran pousyè tè yo mete sou tèt yo pou fè wè jan yo te nan lapenn.
Job 2:12Yo te yon bèl ti distans toujou lè yo wè Jòb. Yo pa t' rekonèt li. Lè yo rekonèt li, dlo vin nan je yo, yo konmanse rele, yo kriye. Yo chire rad sou yo, yo voye pousyè tè sou tèt yo tèlman sa te fè yo lapenn.
Isaiah 3:26Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.
Isaiah 36:22Apre sa, Elyakim, pitit Ilkiya a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.
Isaiah 47:5Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.
Lamentations 1:1Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!