Lamentations 2:9
Pòtay yo atè kouvri anba fatra. Ba pòtay yo kase, yo pa ka sèvi ankò. Yo depòte wa a ak chèf yo nan peyi etranje. Pa gen pesonn pou moutre sa ki nan lalwa. Menm pwofèt yo, Bondye pa pale ak yo nan vizyon ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:36Seyè a pral depòte nou ansanm ak tout wa nou te mete alatèt nou, nan yon peyi etranje ni nou menm ni zansèt nou yo pa t' janm konnen. Lè n'a rive la, n'a sèvi zidòl fèt an bwa ak zidòl fèt ak wòch.
1 Samuel 28:6Se konsa, li mande Seyè a sa pou l' fè. Men, Seyè a pa ba li ankenn repons, ni nan rèv, ni avèk ourim yo, ni nan mesaj pwofèt yo.
2 Kings 25:7Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a, papa yo. Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn.
Nehemiah 1:3Yo reponn mwen: Moun ki tounen soti nan peyi kote yo te depòte yo epi ki rete laba nan peyi nou an anba gwo pwoblèm. Yo pa konn sa pou yo fè tèlman yo wont. Kanta miray lavil Jerizalèm yo, yo te fin kraze. Gwo pòtay yo menm te menm jan an toujou depi dife te fin boule yo a.
Isaiah 24:12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
Jeremiah 39:2Sou nevyèm jou nan katriyèm mwa, onzyèm lanne rèy Sedesyas la, lènmi yo fè yon twou nan miray ranpa a.