Lamentations 2:11
Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 30:4David ak mesye l' yo pran rele, yo kriye jouk yo pa kapab ankò.
Psalms 6:7(06:8) Figi m' fin rale afòs mwen gen lapenn. Mwen fin vye anba moun k'ap pèsekite m' yo.
Psalms 31:9(031:10) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen anba tray. Figi m' fin rale, mwen kagou. Kò m' ap fin deperi afòs mwen gen lapenn.
Isaiah 22:4Se poutèt sa mwen di: Kite m' pou kont mwen pou m' ka kriye kont kriye mwen! Pa chache konsole m' pou gwo malè sèk sa a ki tonbe sou pèp mwen an!
Isaiah 51:20Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Seyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.
Jeremiah 8:19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a. Gen lè Seyè a pa sou mòn Siyon an ankò? Gen lè wa Siyon an pa la ankò? Seyè a reponn: -Poukisa nou fè m' fache konsa? N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.