Isaiah 51:20
Nan tout kwen lari, moun ou yo kouche atè san konesans. Tankou bèt nan bwa, yo pran nan pèlen. Kòlè Seyè a fè yo sou. Bondye pa nan pale mete la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 14:5se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon.
Isaiah 5:25Se sa ki fè tou, Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te leve men l' sou yo, li frape yo. Lè sa a, mòn yo tranble. Kadav moun mouri yo ap trennen nan mitan lari tankou fatra. Men, se poko sa toujou! Se atò Seyè a move. Li poko fin ak yo.
Isaiah 9:19Seyè ki gen tout pouvwa a te sitèlman move, li fini ak peyi a. Se tankou yon dife k'ap boule tout moun nan peyi a. Pesonn pa ka sove pesonn.
Isaiah 40:30Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe.
Isaiah 51:17Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!
Jeremiah 14:16Moun yo t'ap bay mesaj sa yo pral fini menm jan an tou. Yo pral mouri nan lagè ak nan grangou, yo menm, madanm yo, pitit gason ak pitit fi yo. Yo pral jete kadav yo nan tout lari lavil Jerizalèm. P'ap gen pesonn pou antere yo. Se konsa m'ap fè yo peye mechanste yo.