Lamentations 2:13
Aa! Jerizalèm, kisa pou m' di ou la a! Ak ki moun pou m' ta konpare sò ou? Ki jan pou m' ankouraje ou? Pesonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pesonn pa ka fè anyen pou ou ankò!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 60:2(060:4) Ou fè peyi a tranble, ou mete l' tèt anba. Mete l' sou de pye l' ankò, paske li prèt pou tonbe nèt.
Jeremiah 8:22Pa gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? Pa gen dòktè ankò laba a? Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?
Jeremiah 14:17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Jeremiah 30:12Men sa Seyè a di pèp li a ankò: Pou jan ou donmaje a, pa gen renmèd pou ou. Malenng ou an p'ap janm geri.
Jeremiah 30:15Poukisa w'ap plenyen pou jan ou donmaje a, pou soufrans ou ki pa ka fini an? Se paske peche ou la te grav anpil, ou te fè anpil gwo mechanste kifè mwen pini ou konsa.
Lamentations 1:12Nou tout k'ap pase la a, gade non! Sa pa di nou anyen? Pesonn pa janm pase sa m'ap pase la a. Se Bondye, Seyè a, ki ankòlè k'ap manyen avè m'.